Rasambleman Madan Sara Ayiti (RAMSA) selebre 5èm edisyon Jounen Nasyonal Madan Sara

0
183
Madan Sara

Mèkredi 3 avril 2025, Rasambleman Madan Sara Ayiti (RAMSA) òganize, jounen jedi 3 avril 2025, 5èm edisyon Jounen Nasyonal Madan Sara yo. Plizyè dizèn fanm te asiste ak selebrasyon sila. Nan okazyon an, yo te prezante yon varyete pwodwi atizana, tankou chapo, braslè, pwodwi lokal, ak lòt objè ki te mete an valè kilti peyi a.

RAMSA te pwofite okazyon an pou onore plizyè pèsonalite ki te kontribye nan akonpanyeman ak kolaborasyon avèk òganizasyon an, pami yo Ekonomis Etzer Emile.

Prezidan RAMSA, Jocelyne Jean Louis, pwofite okazyon an pou lanse yon apèl ak leta, sektè prive a, ak dyaspora pou kontinye soutni ak ankadre Madan Sara yo. Li te soulve nesesite pou yo kontinye kontribye nan ekonomi peyi a, malgre difikilte yo ap fè fas ak depi kèk tan.

Kòdonatris Nasyonal Adjwen REN an, Dr Farah Jovial Alexis, fè konnen RAMSA ap kontinye travay sou inisyativ li yo. Militant lan ankouraje Prezidan RAMSA pou kenbe mouvman an, paske li kwè li kapab pote rezilta pozitif pou peyi a.

Jounen sa a te yon okazyon pou fè konnen enpòtans Madan Sara yo nan ekonomi peyi a, pandan y ap fè fas a anpil defi.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here