Accueil » Actualités » Ayiti/ Enpòtasyon: DIRI KAP SOTI NAN PEYI ETAZINI YO GEN GWO KONSEKANS SOU PÈP AYISYEN AN.

Ayiti/ Enpòtasyon: DIRI KAP SOTI NAN PEYI ETAZINI YO GEN GWO KONSEKANS SOU PÈP AYISYEN AN.

by Roberson TIMOLIEN
0 comment

Ayiti/ Enpòtasyon: DIRI KAP SOTI NAN PEYI ETAZINI YO GEN GWO KONSEKANS SOU PÈP AYISYEN AN.

Anketè yo fè konnen nan fason Ayiti konsome diri ka gen gwo konsekans sou sante yo sitou lakay jèn yo, paske diri sa yo gen yon nivo « arsenic, cadmium ak metal ki lou» ki vrèman egzajere, e sa gen anpil risk kansè ak lòt maladi kadyak.

Selon chèchè yo, konsantrasyon mwayèn «arsenic ak cadmium» yo prèske 2 fwa pi wo nan diri kap soti Etazini yo ke diri ki fèt nan tè peyi Dayiti e yo ajoute ke gen kèk echantiyon nan diri enpòte yo ki depase limit entènasyonal yo.

Etid la presize ke diri ameriken ki blayi nan peyi Ayiti a pa sèlman gen konsekans sou sante moun yo, men tou li gen gwo konsekans sou plantè Ayisyen ki paka vann prodwi lokal yo. Rapò a egzije yon ankèt prese ki fèt sou diri kap antre an Ayiti yo, epi pou yo pran bon jan mezi pou ranfòse sektè agrikòl Ayisyen an.

Nap raple ke Ayiti plase nan premye pozisyon nan peyi ki konsome plis diri ki soti Ozetazini, apre ou jwenn Meksik epi Japon.

You may also like

Leave a Comment

HE Haiti Expression

Notre plateforme en ligne est conçue pour être votre destination de confiance pour tout ce qui concerne l’actualité haïtienne. Que vous soyez intéressé(e) par la politique, la culture, l’économie ou les événements sociaux, vous trouverez ici une source fiable et diversifiée d’informations et de perspectives.

Editors' Picks

Derniers articles

© 2024 Haiti Expression, A Media Company – All Right Reserved. Developed by John Peter Dorlus